Kai Criminel Lyrics

[Intro] 
Se ou - m pa tande 
Se mwen - chante 
Se ou - m pa tande 
Se mwen 
[Verse 1] 

Li pa fasil lè w ajenou e w konn pouki 
Pouki demen gen gou chagren, sanble doulè 
Lè w bay tout sa k genyen nan ou 
Tout sa k lanmou 
Tout sa w konnen k rele renmen san rechiyen 
[Pre-chorus] 

Mwen fè tout sa w vle 
Mwen kite fanmi k ak zanmi m 
Paske m konnen - se ou, se mwen 
M pa tande - se ou, se mwen 
Mwen fè tout sa ou vle 
M abandone lasyote 
Paske m konnen - se ou, se mwen 
M pa tande - se ou, se mwen 
Malgre sa ou pa konprann 
Ou fè m mal 

[Chorus] 
Ou kriminèl, kriminèl 
Si w ka kite lanmou sa a - fò w kriminèl 
Cheri w kriminèl o, kriminèl 
Si w ka vòlè lanmou sa a 
Fò w kriminèl 
Ou s on kriminèl 
Si w ka fè m mal konsa 
Yeah 
Se ou - m pa tande 
Se mwen - chante 
Se ou - m pa tande 
Se mwen 

[Verse 2] 
Solèy la ka bliye , se zafè pa l 
Fènwa se lè w sispann gade m, lè w rejete m 
O lanmou fè m fou, l pote m ale, mwen kondane 
Tankou enprent yon move rèv, mwen vle bliye w 
[Pre-chorus] 
[Chorus] 
[Keyboard] 
El Chapo 
Tout moun gen djaz, men tout moun pa gen Kai 
Mwen sakrifye 
Mwen fè sa tout sa ou vle 
Mwen sakrifye e e 

[Verse 3] 
Ase ase - asasen 
Ase ase - ou s on asasen 
Ou di m ou pral chanje 
E mwen vle kwè w, se vre 
Depi w pa bò kote m 
Mwen santi w ap twonpe m 
Ase ase - asasen 
Ase ase - ou s on asasen 
Depi w pa bò kote m 
Mwen santi w ap twonpe m 
[Keyboard] 
Mwen sakrifye 
Mwen fè sa tout sa ou vle 
Mwen sakrifye e e 

[Chorus] 
Ou se kriminèl, kriminèl 
Si w ka kite lanmou sa a - fò w kriminèl 
Cheri w kriminèl o, kriminèl 
Si w ka vòlè lanmou sa a 
Fò w kriminèl 
Ou s on kriminèl 
Si w ka fè m mal konsa 

[Outro] 
Yeah 
Se ou, se mwen

RETURN

Comments

Popular posts from this blog

Privacy Policy Mizik Ayiti

DISCLAIMER / DMCA Mizik Ayiti