Pa kite pouvwa'w tonbe - Mc Quakely

Mc Quakely
Fire priduction
Vlad

Pa kite pa kite 
Pa kite pouvwaw tonbe jouw kitel tonbe ou deja nan ahah
               Refren
Pa kite pa kite pa kite pouvwaw tonbe  (3 fois)
Siw kitel tonbe ou tonbe nan mera
Pa kite pa kite pa kite pouvwaw tonbe  (3 fois)
Jouw kitel tonbe ou deja nan  Ahah

Ou diw gen pouvwa sa vlediw gen anpil kapasite pouw aji
Ou gen gwo vwa menm lèw pa pale yon ti jès tout moun gentan prè pou diw wi
Ou ka fè tout saw vle tout moun se respekte ou deside lèw vle janw vle
Ou chwazi saw vle janmw vle ou chwazi moun janw vle
Ou mèt diw ka desann syèl la sou tè a 
Genyen kap deja di wi li ka fè sa
Depiw gen pouvwa yo gadew pou wa
Yo pa nwi pou pretew menm si se pou mwa
Tout sak bon sanblew menm sil pa pou ou yo pa nwi pouw kanpe pouw di c'est pour moi
Pouvwa tèlman presye'w paka pranl nan lachte
Mwen menm fòm genyenl li te mèt se achte
Depim gen papye mwen paka limite 
Tout je fikse sou mwen tout moun vle imitem
Depim leve chak jou s'ak pouvwa map panse
Map tèlman byen jerel fòm kite eritye
Gon dènye bagay siw vle gen pouvwa fòw pa pè 1,2,3 enenmi
Libète pa bay siw ta vle gen sa fòk ou goumen pou li
                Refren
Pa kite pa kite pa kite pouvwaw tonbe  (3 fois)
Siw kitel tonbe ou tonbe nan mera
Pa kite pa kite pa kite pouvwaw tonbe  (3 fois)
Jouw kitel tonbe ou deja nan  Ahah

Genyenk di jan pouvwa bèl sa mwen paka pa jerel
Fòk ou poze tèt ou kesyon pouw mande kisaw fè akel
Pouvwa se youn nan okazyon pouw ka ranpli yon misyon
Se youn nan opòtinite pouw regle bagay serye
Siw mal itilizel ou ka pini nan prizon sa vle di menm lèw jije ou ka toujou kondane
Tout sa se poum demontrew tout bon vre ke pouvwa se yon bagay apa
Pa etonew pou wèw pi piti epi pouw ap tande pigran kap plede relew papa
Tout sa fè pati de vi sa
Menm jan moun fè foli pou viza
Pandanw o pouvwa voye jew anba pouw wè valè nan yo ki ta renmen nan plas la
Siw vle gen pouvwa fòw travay pou sa pa tann lòt jou kòmanse depi kounya
Li pa konnen l'homme qu'il faut à la place qu'il faut depiw genyenl ou valide
Pa pran pèsòn moun pou zero pa pansew pi wo pouw profite fè mechanste
Menm lèw o pouvwa wap plede fè fòk ou rezève paskew pap janm ka LEtènèl
Mandaw ka toujou rive men siw kite pouvwaw tonbe se lè saw pral konnen tout bonl pat etènèl

                 Bredj
Siw paka jere fanm nan pa panse ou gen pouvwa
Siw pa jere pèp pigaw panse ou gen pouvwa
Si lajan nan menw fini pigaw panse ou gen pouvwa
Siw pa sèvi nan street la pa panse ou gen pouvwa
             Refren
Pa kite pa kite pa kite pouvwaw tonbe  (3 fois)
Jouw kitel tonbe ou deja nan  Ahah

RETURN

Comments

Popular posts from this blog

Privacy Policy Mizik Ayiti

DISCLAIMER / DMCA Mizik Ayiti

Kai Criminel Lyrics